Hommage à Sonia Pierre : militante des droits humains (La Dominique)

par | Août 6, 2021 | Féminisme

L’union des Femmes de la Martinique s’associe à ses soeurs féministes pour saluer la mémoire de Sonia Pierre – militante engagée auprès des réfugié-e-s Dominicains. Un engagement qui lui a valut les menaces de mort des racistes et xénophobes de la République Dominicaine.
Nous  adressons toutes nos condoléances à ses proches et au mouvement des droits humains Haïtiens et Dominicains.

Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA  NÒT OMAJ POU SONIA PIERRE6 Desanm 2011 SOLIDARITE FANM AYISYÈN – SOFA mete chapoba devan Fanm vanyan sa a, Sonia PIERRE, militant Dwa Fanm, Dwa Moun, ki tonbe anba yon lanmò san avèti dimanch 4 Desanm 2011 lan. SONIA se te kòdonatris MOUVMAN FANM DOMINIkO-AYISYÈN –MUDHA.  Nan SOFA, relasyon nou ak MUDHA remonte depi ane 1986, lè SOFA te fenk fòme. Okòmansman li te yon jan difisil pou nou te konprann bataySONIA tap mennen atravè MUDHA. Menm jan ak SOFA, li te jwenn bokote pa li, anpil kritik sou non òganizasyon an ki nan lang panyòl vle di BèBè. Sètalo SONIApran baton peleren ni pou li eksplike : Se pa pa aza yo te chwazi non sa a… pou yo menm non sa a se te yon denonsyasyon pou montre jan Fanm Dominikèn ki gen orijin Ayisyèn pat gen okenn dwa, menm Dwa Lapawòl.Ak anpil pasyans li te mete li aladispozisyon nou pou esplike sans batay li tap mennen an pou fanm nan batey yo ka jwi tout dwa yo : dwa pou gen idantite, dwa pou al lekòl, dwa pou ale nan inivèsitesa vle di Dwa fondalnatal tout sitwayen ak sitwayèn nan tout peyi sou latè dwe jwi. Fòk nou di, jous nan lane 2010 konstitisyon peyi Repiblik Dominikèn te rekonèt la lwa tè a menmjan ak peyi Etazini, sa vle di : depi w fèt nan peyi a ou se Dominiken. Men lwa sa a valab pou tout lòt moun sòf pou moun ki gen orijin Ayisyen. E depi w pa gen idantite w, ou pa gen dwa anyen menm lè w ap pote kontribisyon w nan devlopman peyi sa a.SONIA pat pè retire baboukèt leta Dominiken te mete sou bouch fanm ak gason sa yo pou denonse tout abi, move tretman, eksplwatasyon, diskriminasyon sou dominiken ki gen orijin Ayisyen. Malgre menas sou lavi li, li te kontinye mennen batay sa an Repiblik Dominikèn, ni sou tribin Entènasyonal. Nan fen ane 1990 yo li te ranpòte yon gwo viktwa devan tribinal Entènasyonal Dwa Moun nan Costa Rica kote tribinal sa a te kondane Gouvènman Dominiken an pou vyolasyon dwa dominiken ki gen orijin Ayisyen yo. Depi lè a, Gouvènman Dominiken an pa sispann pèsekite SONIA nan fè menas ak tantativ kraponnay sou li. Men, okenn nan manèv sa yo pat fè l sispann defann kòz la, ni detounen l sou chimen pou defann dwa li, dwa fanm kòm moun nan peyi sa a. SONIA,jodi a nou menm nan SOFA NOU VLE DI W MÈSI !

  • Mèsi pou PASYANS ou paske w pa t janm bouke eksplike, edike tout moun toupatou kote w pase sou kondisyon malsite konpatriyòt ou yo ap viv sou yon tè kote yo fèt, men, otorite yo refize yo jwi okenn Dwa yo genyen kòm moun ;
  • Mèsi pou KOURAJou toujou montre malgre Pèsekisyon, Menas, Kraponnay ;
  • Mèsi pou DETÈMINASYON w paske ou pat janm kite okenn obstak detounen w sou chimen w te trase a ;
  • Mèsi pou KONVIKSYON wpaske w toujou gen yon sèl verite ki toujou klè pou ou : Dominiko – Ayisyèn yo gen Dwa tankou tout moun e w ap batay jouk mayi mi pou reklame epi defann Dwa sa yo ;

Jodi a, SONIA ou kite nou, men kò w ak vwa w, ap tounen semans pou fè 100 lòt, mil lòt vwa leve pou di ABA Eksklizyon, Viv Dwa Moun, Viv Dwa tout Fanm, Tout Dominiko-Ayisyen, ak Ayisyèn.  Yon lòt fwa ankò, SOFA di chapoba pou ou Fanm VANYAN ! Lit Fanm nan se Lit tout Mas Pèp la  Pou SOFA ______________________Doktè Lise-Marie DEJEAN

Kòdonatris Jeneral

Nos autres articles de blog

Yvette GUITTEAUD-MAUVEOIS

Yvette GUITTEAUD-MAUVEOIS

Yvette GUITTEAUD-MAUVOIS (1922-2015) Portrait réalisé en partenariat avec la SMHLM Militante féministe et anticolonialiste inébranlable. Cofondatrice de l’Union des Femmes de Martinique (UFM) avec Jane Léro, Germaine Marie Angélique et bien d’autres…Yvette...

Rosalie VILDRIN

Rosalie VILDRIN

Rosalie VILDRIN (1924-2004) Portrait réalisé en partenariat avec la SMHLM Militante courageuse, engagée et généreuse. Après avoir effectué une partie de ses études en Hexagone, Rosalie Vildrin revient en Martinique et milite à l’Union des Femmes de Martinique aux...

Disable Voice
Aller au contenu principal